Yon wvayaj ki te peyan
Pandan mwen tap vwayaje sou entenet la (surfer), mwen te jwenn yon lyen poum aplike pou yon bous etid ke ISOC(Internet society) chapit Haiti a tap ofri san ezite mwen te kouri rantre sou lyen an mwen anrejistre avek anpil ke kontan m te vin resevwa yon mesaj ke yo te aksepte mwen kom yonn nan bousye pou kou sila ki se (CNs ,COMMUNITY NETWORK SKILLS) yon kou sou kreyasyon rezo wifi kominote ki tap dire yon mwa malgre ke nan moman sa se rete lakay epi mete kachne ak lave men sa pa anpeche ke moun ki konn sezi opotinite pou aprann te sezi opotinite sila. Se te yon kou ki te gen douz bel chapit ladan li tankou: 1- Tout nòm pou fè yon rezo san fil fonksyone Daprè chapit sa nou te aprann konnen ke Nòm yo garanti depiw mete rezo a sou pye,tout kliyan ki sou rezo sa ap kapab kominike ak tout lòt rezo ki nan mond lan. Daprè IEEE (institut des ingenieurs electriciens et electroniciens) nòm rezo san fil yo soti nan fanmi 802.11 e se li ki te referans pandan chapit sila e menm pandan tout kou a